Hey mesye dam,Sa se nan yon ansyen vil yo rele Charleston ki nan South Carolina m te fe li tande. Le sa a Fucien bon zanmi mwen ki ap travay pou MINUSTAH a te vin fe yon vizit nan peyi a. M te pwofite okazyon sa a pou vire ak msye daye nou pat we depi yon bon bout tan. Ou ka we nou gen yon ti dam bo kote nou, se pa madanm nou non; nou pa ko nan bagay konsa epi tou le na pre pou sa a se ak yon Haitienne nap fe l tou. Fi sa se zanmi nou ki te konn al vizite nou Haiti, donk se te yon gwo opotinite pou nou te jwenn li e pase yon ti bout tan ak li bo lanme a. Daye li konn zon nan tre byen se li ki tap manipile nou pou le a.
Ok se tout sa m te gen kom enfomasyon pou nou pou jodi a. Na fon ti kanpe la, na pale pi ta. Bye
No comments:
Post a Comment