Hey, nou ka we plis foto m' si nou annik klike lyen sa. 
Dimanch ki sot pase la a se te 21 janvye m tal legliz nan Thomas raod Baptist Church. Se te pou lapremye fwa m we mevey sa a nan vi mwen. M te mache anviwon 15 a 20 minit pou m te rive nan ligliz la. Sa ki te etonan pou mwen an se te afe glas la. M te toujou tande moun ap pale de nej, men pa de glas ki ap sot anle tonbe ate. Tout tan sa m' te fe ap mache a se te anba glas tankou moun ki nan mog m' te ye. Glas la tankou ou konnen machann fresko yo konn kraze yo a, sa vle di se pa gwo bout glas ki ka frape moun fo. Se krazinay glas kap sot anle tonbe ate. Sa te dire tout jounen an net. Nan aswe m' te menm arive fe kek foto glas ki te ate a pou lekte m' yo ka eseye konprann sa map pale a byen. Foto sa nap gade bo kote la se yonn nan yo li ye. Li te telman fe fret, glas la te rete ate pou jiska 5 jou pou li fin fonn net. Alo m' pa bezwen pale nou de ki kantite fredi ki gen nan kanton an. Yon remak ou ka fe, wap we li sanble ak gwo glob glas ate a. Men se pa konsa li te tonbe, se pito an ti moso glas tre fen ki tonbe yonn sou lot ate a ki vin fe gwo bout glas nap gade la a. Si gen moun ki enterese, m' ka voye plis foto sou sa ba ou an patikilye. Ekri m nan e-mail sa a: jucelforever@yahoo.fr
Tout asfat yo te kouvri ak glas net e machin yo pat menm ka kouri byen akoz de sa. An Haiti, nou gen problem labou ki fe nou patinen, isi se pwoblem glas la. Se ak pel ke yo mete devan nen yon seri de pick-up ke yo rive grate gals ki ate nan lari a pou voye nan kwen pou machin ka sikile alez. Yo menm fe m' konprann ke afe glas sa a konn menm arive koze de terib aksidan. Menm moun ki apye nan lakou yo oubyen ozanviwon lakay yo konnn arive glise epi yo tonbe. Tou depan de jan yo tonbe a, men yo ka menm kase. So, nenpot bagay ka rive ou. Mwen kap pale ak ou la a, m' te pran yon bel so pa m' tou nan bagay sa a. M' t'al mete bel ti soulye b
ek tiwel mwen nan pye m' ke m' te soti Haiti a. Epi m'ap mache ap pran plezi ozalantou a. Te gen de ti mesye Haitien ki te ansanm ave m', yo te byen sezi le yo te tande m' kase yon gwo kout ri, le yo te vire gade yo we se ate a m' te kouche. Sa te vreman komik, men se pat grav; sof pantalon m' ki te yon ti jan sal. Touswit m'al retire soulye a pou m' met bon jan bot mwen nan pye m' papa.
Si ou gade foto sa anle a wa we se pandan map bese pou retire soulye a, m' resevwa yon kout flach, se te yon foto ki te tou fet.
Ok mezanmi. Nap fon ti kanpe la pou yon ti tan epi nap tounen ak tout lot enfomasyon avan lontan. Babay na pale pi ta. Epi Haiti, pa bliye map vini tale konsa.
Dieuseul
No comments:
Post a Comment