Sa fè lontan nou pa pale, men m konnen tout bagay ap mache pou nou pa two pli mal gras a Bondye. Nou konnen ka toujou gen ti pwoblèm men gen ti espwa kanmenm.Ane 2008 sa a te fè m fè konesans ak lavil Boston. Se la m te jwenn chans rankontre kèk ansyen zanmi m pat janm wè depi kèk ane. Nou te pase yon trè bon sejou nan kanton an malgre fredi te ap fè lapli e le bo tan, men nan ti jou nou te lòtbo a li te ban nou yon ti chans tou piti menm se pou nou te ka eksplore megavil sa a pou yon ti moman. Nou espere tounen ankò lè nou va jwenn opòtinite epi nap ba ou tout enfomasyon nou trouve nan bon jan ti mamit. Se tout nouvèl m te gen pou nou nan moman an. Kenbe rèd pa moli mezanmi. Na fe ti pale yon lot okazyon. Bon ane 2008!
Dieuseul