
Bon! Sa fè menm twò lontan depi nou te jwenn chans kominike ak zanmi nou yo. Men nou vle renouvle tout moun ke nou pap janm bliye tout lanmou, èd ak bon jan sipò ke nou te konn resevwa nan men tout zanmi kanmarad nou yo; san nou pap bliye sa ke nou ap resevwa jouk jounen jodi a. Aprè 5 long ane, BonDye te ede nou mete yon fen ak seri de etid ke nou te vin fè isit nan peyi Etazini.
Donk jan nou te toujou konn pwomèt sa a, nou vle montre gratitid ak rekonesans nou anvè BonDye premyeman, anplis anvè tout lòt frè, sè, ak bon zanmi ki te toujou ap panse ak nou, ede nou nan fason ke yo te kapab, pou nou te ka pase moman difisil sa yo a. Jounen jodi a, nou gen plezi pou nou di tout moun ke nou fini ak etap sa a. Men lit la pa ko fini paske nou fèk kòmanse ak lòt etap ki vini aprè yo. Kontinye ede nou souple pou nou ka pote bon fri pou la glwa de Dye.
Nou vle pwofite de ti okazyon sa a tou pou nou ankouraje tout lòt jèn yo nan etid pa yo. Konsa nou tout va ekipe pou nou fè bon jan travay de kalite ak pwodesyonèl pou peyi nou ak legliz peyi nou, Ayiti. Se pou nou apresye gwo jefò ke paran yo ap fè, pa kite yo pèdi souple, ann pa dekouraje yo. E paran yo, toujou fè tout jefò ke nou kapab pou nou voye ti moun yo monte e BonDye va beni gwo jefò sa yo ke nou ap fè yo an gran jan.
Mèsi anpil pou pasyans nou ak tan nou toujou pran pou nou li ti blòg mwen yo.
Se pou Papa BonDye beni nou tout an abondans!!!
Dieuseul