Friday, February 9, 2007

Nou nan kanton an!

Hey mesye dam, sa kap fèt?

Sa fè de twa jou nou pa pale. Koman bagay yo ye menm? M'espere ke nou ap byen bouje nan non granmèt la.

Dimanch pase m' te al nan pisin lekòl mwen an (Liberty University) pou m tal fon ti naje, dayè m' gen lontan ma pa fè l'. Sa te trè byen pase gras a Bondye.

Afè fredi a toujou ap bay panik pa bò isi. Lotrejou nèj tonbe kon mayaya. Si m' te jwenn tout nèj sa a Haiti, m' pa tap bezwen achte glas pou glase byè mwen yo ankò. M' tap djòs mete kèk boutèy anba nèj la pou yon nwit epi demen apre midi sa ou tande a: tout moun vin fete!
Ok se tout sa m' te gen pou nou kòm enfo pou semèn nan. Na pale pi ta.

Dieuseul byen poze